Yon nouvo viktim nan dosye zak ensekirite a nan vil wanament


Wilguens Similien viktim anba bal endividi moun pa rive idantifye nan aswè dimanch 16 janvye 2022 a, enfòmasyon nou rive jwenn fè kwè li pran yon bal nan pye, zak sa pase Wanament nan "Rue bourbon" zòn Kolèj "Oswald Durand". Endividi ki tire sou li a pran yon motosiklèt ki te nan men'l. 


Selon enfomasyon nou rive jwenn nan men yon pròch li, viktim nan ap revwa swen sou kabann lopital pou kounye a. 


Nap fè remeka nan dènye jou sa yo wanament ap konnen yon fenomèn ensekirite san parèy, yon sitiyasyon ki preyokipe tout sitwayen pandan yap kesyone absans otorite yo ki pa fè anyen pou remedye sitiyasyon sa.


Manex Jean-Simon / scriptmediatv@gmail.com

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Wanament / Edikasyon : Aprè yon group sitwayen ( direktè,profsè, paran ...) te fin chita epi diskiye ayè lendi 14 novann lan sou kijan ak ki fason lekol la te ka ouvri nan komin wanament

Liberté Infos nan yon nòt pou la près sitwayen yo deside yap fè ouvèti lekol demen mekredi 16 novanm nan wanament. Nan sa yo  mande la polis...