Yon nouvo direktè nan tèt direksyon depatmantal edikasyon nodès la

 



Mr Joseph Edgard dumay se nouvo direktè depatmantal edikasyon nan depatman nòdès la. Se Maurice Firmin reprezantan minis edikasyon an ki fè enstalasyon sa vendredi 28 janvye 2022 a nan vil fòlibète.


Nan diskou li, Mr Dumay di li pwal travay ak inivèsite Leta yo ak divès lòt lekòl siperye nan depatman an yon fason pou konbat Kesyon eksperyans nan CV epi garanti staj a finisan yo e lap ede yo entegre mache travay la. Yon lòt kote Mr Edgard Dumay di li pwal travay ak direksyon santral odit siperyè yon fason pou konbat eskrokri òganize nan lekòl ou byen inivèsite kap fè paran yo pi pòv nan fè yo peye byen chè san yo pa ofri ti moun yo yon edikasyon ak kalite.


Scriptmediatv@gmail.com

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Wanament / Edikasyon : Aprè yon group sitwayen ( direktè,profsè, paran ...) te fin chita epi diskiye ayè lendi 14 novann lan sou kijan ak ki fason lekol la te ka ouvri nan komin wanament

Liberté Infos nan yon nòt pou la près sitwayen yo deside yap fè ouvèti lekol demen mekredi 16 novanm nan wanament. Nan sa yo  mande la polis...