Wanament / Edikasyon : Aprè yon group sitwayen ( direktè,profsè, paran ...) te fin chita epi diskiye ayè lendi 14 novann lan sou kijan ak ki fason lekol la te ka ouvri nan komin wanament

Liberté Infos

nan yon nòt pou la près sitwayen yo deside yap fè ouvèti lekol demen mekredi 16 novanm nan wanament. Nan sa yo  mande la polis pran tout mezi nesesè pou asire sekirete lekol yo, elèv yo, ak paran yo .


Men nòt la 👇👇👇👇


NÒT POU LAPRÈS


Nou menm direktè lekòl nan Wanament, sou inisyativ sosyete sivil lan, nou te reyini jou ki te lendi 14 novanm 2022 nan sant kitirèl « Marie-Louise Coidavid » la pou bwase lide sou difikilte lekòl la genyen poul louvri. Sou ensistans paran ak elèv yo bò kote direktè yo, nou deside re-louvri porte lekòl yo nan vil la apati mèkredi 16 novanm nan pou timoun yo pa pèdi ane a. Nou mande lapolis pou pran tout reskonsabilite l pou asire sekirite lekòl yo, elèv yo ak paran yo.


Men moun ki siyen pou direksyon lekòl yo ak sosyete sivil la :


Maismy-Mary Fleurant Société civile

Jador Dieuseul               Directeur

Clerveau Davidson         Professeur

Bolivar Elitex               Directeur

Elistin Robinson             Directeur

Gustave Abner                Directeur

Joseph Monique                 Directrice pédagogique

Desgraviers Elisabeth   Avocate.    (société civile)

Sœur Claudette Luxy Directrice

Clerveau Samuel          Professeur

Joseph Eben              Professeur

Calixte Lovensky       Professeur/parent

Père Jean Luc Bourdeau Directeur

Frère Edwin Zamy        Directeur

Sœur Emilienne Michel   Directrice

Sœur Dolcé Sandra     Professeure

Jacxorne Arné            Professeur

Joseph Rildens               Directeur

Lucien Sadelyn               Directeur

Mésidor Romiald Police National D’Haïti

Georges Dejambson      Censeur

Selon Francklin            Directeur

Joseph Anthony           Surveillant

Mathieu Philomé           Journaliste/professeur

Jador Carius                Censeur

Lafleur Morius            Censeur

Mathieu Rodeline        Professeure

Etienne Présuma          Inspecteur

Elva Wiltone                Inspecteur

Elie Lemoine               Directeur

Pierre St-Vil Adeline  Parent (société civile)

Guerrier Jeffly          Parent

Pierre Bénita           Directrice

Jules Venix            Professeur/Synd.

Pierre Wilfrid        Professeur/directeur/Synd.

Jean-Baptiste Edson Directeur

Sainvil Hans                Parent

Raphaël Alande          Professeur

Mustidor Mensly          Censeur

Jean Mary Marcelin        Professeur

Rose-CarmelleC. Fleurant  Économiste

Mondésir Rolin                  Censeur

Oriole Pierre                    Directeur


Wanament, lendi 14 novanm 2022.

Nodès/manifestasyon : Sou insyativ Pitit Dessalines plizyè milye moun mache nan lari wanament pou denonse movèz gouvènans




Sou inisyativ pati politik pitit Dessalines yon gwo manifestasyon oganize nan vil wanament jodi jeudi 10 novanm 2022. manifestasyon sa kite reyini plizyè milye moun te gen nan tèt li ansyen senatè Moïse Jn Charles. Premye Rasanbleman te fèt nan won pwen gaya avan yo te desann aprè anpil difikilte al rankontre ansyen  senatè a zòn dilè .            


Kraze plizyè fwa ak kout roch, kout boutèy manifestan yo te rive travèse zòn mapou ak anpil difikilte. Travèse nan ri guimalarie pou pase nan ri des martyrs pou rive zòn kalvè, monte nan blok mankèt pou desann nan ri espanyòl la manifesyon an tal bout blòk gaya anba je la polis nasyonal la.


Nan tout pakou a lidè pitit Dessalines nan, Moïse Jn Charles tap denonse movèz gouvènans,  lavi chè, ogamantasyon pri gaz la, aba enjerans entènasyonal, desann dola ak peso pi ba ke 100 goud, depa PM Ariel Henry nan tèt l'ETA ak plizyè lòt. Moïse Jn Charles bay popilasyon an garanti lap kraze sistèm peze souse a, li te profite mande yo pou akonpaye KTPS la.


Joseph Judelyn / scriptmediatv@gmail.com

Wanament / Edikasyon : Aprè yon group sitwayen ( direktè,profsè, paran ...) te fin chita epi diskiye ayè lendi 14 novann lan sou kijan ak ki fason lekol la te ka ouvri nan komin wanament

Liberté Infos nan yon nòt pou la près sitwayen yo deside yap fè ouvèti lekol demen mekredi 16 novanm nan wanament. Nan sa yo  mande la polis...