Youn nan responsab mouvman grèv la nan wanament anonse yon trèv apati demen Jedi a

 





Swit a mouvman leve kanpe kite gen nan vil wanament depi dimanch swa, youn nan responsab mouvman an, Jose La guerre, ki t'ap entèvni  nan mikro yon konfrè nou nan yon stasyon  sè  nan vil la,  fè konnen yo satisfè de mouvman an, pandan,l te tou anonse yon trèv pou demen jedi 28 oktòb 2021 an.


li fè konnen  mouvman sa te prevwa fèt pandan twa jou pou te denonse: ensekirite, kidnappinn, la vi chè , problèm rataman gaz la ak plizyè lòt ankò.  daprè sa li fè konnen grèv la pap kanpe definitivman y'ap gen pou kontinye mouvman sa nan jou k'ap vini yo, si tout fwa otorite yo pa deside reponn a revandikasyon yo.


Pi lwen, Jose Laguerre voye jete byen lwen deklarasyon moun ki ta fè kwè se lajan ki distribiye nan baz yo pou kenbe mouvman an, pandan li fè konnen agen UDMO endividi te dezame yè aprè midi a, se yon endividi ki te enfiltre mouvman an ki te komèt aksyon sa, men moun ki te prezan sou plas te gentan rekipere zam nan, nan men endividi a, menm moman sa ekip paw ( pale pou wanament) te remet zam nan.


Nap raple, depi lendi 25 oktòb pase a tout enstitisyon piblik tankou prive nan vil la te oblige fèmen pòt yo, swit a mouvman sa ki te lanse pa ansanm sitwayen sa yo nan vil la ki reyini sou yon strikti ki batize "PAW" ki siyifi pale pou wanament.


Séjour Léonel 

Agen UDMO endividi te dezame yè a rekipere zam li

 


Daprè enfòmasyon nou gen ki disponib nan #scriptmediatv, Agen UDMO endividi yo pat rive identifye te dezame yè aprè midi pandan li tap soti nan sou komisarya codevi ki se kote lap travay la te rive rekipere zam li san problèm nan menm sware a.

Nap fè remake, jiska prezan sitiyasyon an toujou menm jan maten an, kote majorite ouvriye CODVI yo toujou rete lakay yo, swit a mouvman sa kite kòmanse depi samdi swa nan vil Wanament.



Wanament / flash : Endividi yo pa rive idantifye fenk dezame yon polisye UDMO

 



Aprè anpil echanj katouch, ròch  ak lapolis nan zòn site plonto ak ba gaya nan aprè midi madi 26 oktòb la pou anpeche ouvriye ki te ale travay zòn franch (CODEVI) maten an sòti, endividi yo pa rive identifye dezame polisye #UDMO #FIY ki travay nan pak idistriyèl la.


Selon plizyè temwen ki te sou plas, yo te twa ki tap eseye kreye espas pou ouvriye sòti men sa pat anpeche endividi yo anvayi yo epi pran zam polisye a. 


Pou koulya zòn nan sou sispenz tout moun blije rete devan lakay yo.

Ouanaminthe/ Grèves : la quasi totalité des activités sont paralysées ce lundi





 Ce lundi 25 octobre 2021, Ouanaminthe la capitale économique du Nord-est, ce lève sous le choc suite à un appel à la grève lancée dans la soirée du dimanche par des individus parcourant abords d'un camion à mobile demandant à tous les citoyens de rester chez eux demain. Des jets de pierres et de bouteilles, des barricades, des nœuds enflammés sont constatés un peu partout à travers les rues dans la matinée de ce lundi. Cette situation de tension avait paralysé la quasi totalité des activités dans cette ville frontalière. 


Les banques commerciales, les écoles, le marché frontalier de dajabon, la compagnie de développement industriel (CODEVI), le transport en commun ainsi que les institutions publiques sont complètement paralysés à Ouanaminthe ainsi que dans d'autres communes du département.


Le mouvement a été revendiqué par la suite vers les 9heures AM par un groupe de citoyens réunis sur une structure baptisée, PAW " pale pou wanament".  Ces citoyens protestaient, entre autres contre la rareté de carburants, la hausse des prix et dénoncent du même coup l'irresponsabilité de l'état dans tout ça. Au cours de leurs parcours une opération dénommée : "fèmen biwo leta" a été lancée.


À cet effet, les portes de l'ONA, DGI, de la mairie entre autres,  sont verrouillées à cadenas. Parcourant divers artères de la ville les manifestants réclament aussi l'autonomie de Ouanaminthe qui selon eux, subit de toute sorte de maltraitance du pouvoir central.


En réalité ce mouvement est venue suite à une énièmes appel à la grève lancée par des syndicats du transport en commun dans tout le pays pour protester  contre le rareté  de carburants et le kidnappinn. Et l'appel a été répondu dans divers communes du département.

Vil wanament leve avèk anpil sispenz maten lundi 25 oktòb 2021


Vil wanament leve avèk anpil sispenz maten lundi 25 oktòb 2021. Anpil Ròch, boutèy, bal ak kawotchou tap boule maten an. Majorite sektè pa fonksyone tankou lekol, Kodevi,  la bank ak mache dajabon nan. Sitwayen yo ki deyè mouvman sa ap revandike kont rate gaz la ak lavi chè.

Nap fè remake yè dimanche lan ganlon gaz tap vann a 1200 goud nan lari wanament.

Chak fwa yon gout lapli tonbe peyisan kap viv nan wo dilè nan 4ème seksyon kominal wanament trouve yo nan gro diffikilte

Joseph Judelyn
Chak fwa yon gout lapli tonbe peyisan kap viv nan wo dilè nan 4ème seksyon kominal wanament trouve yo nan gro diffikilte ak tronson wout ki menen akil de Pen an akòz movèz eta wout si la. Si lè pa genyen lapli yo gro nan diffikilte pou jwenn dlo pou awoze jaden lè genyen se yon lòt ankò. Nan sans sa ti gout lapli ki tonbe jodi dimanche 3 oktòb la vin agrave sitiyasyon an, sa ki pouse plizyè nan yo kritike otorite yo selon sa yo di, ki pa pran responsabilite pou pemèt wout la fèt nòmalman.

"se chak fwa gen eleksyon nou wè prezans Nèg ak fanm pa bò isit kap fè politik nan depatman nòdès la vin fè kanpay, men kon yo finn pran pouvwa yo pa mete pwent pye yo nan zòn nan ankò, men fwa sa nap pare tann yo" deklarasyon anpil nan yo ki tap pale nan mikro SCRIPT MÉDIA TV.

@Joseph Judelyn

Plizyè chofè moto taksi te deside bloke wout national #6 la, devan ponp gaz national la


 plizyè chofè moto taksi te deside bloke wout national #6 la, devan ponp gaz national la, nan vil wanament yè jeudi 30 septanm nan pou demonse direktè ponp lan, yo di ki pa pran responsablite li pou fasilite yo jwenn gaz pou mete nan verikil yo. sa te kreye gwo panik sou wout nasyonal la, sekirite yo te oblije tire anlè pou te dispèse foul la.

Wanament / Edikasyon : Aprè yon group sitwayen ( direktè,profsè, paran ...) te fin chita epi diskiye ayè lendi 14 novann lan sou kijan ak ki fason lekol la te ka ouvri nan komin wanament

Liberté Infos nan yon nòt pou la près sitwayen yo deside yap fè ouvèti lekol demen mekredi 16 novanm nan wanament. Nan sa yo  mande la polis...