Chak fwa yon gout lapli tonbe peyisan kap viv nan wo dilè nan 4ème seksyon kominal wanament trouve yo nan gro diffikilte

Joseph Judelyn
Chak fwa yon gout lapli tonbe peyisan kap viv nan wo dilè nan 4ème seksyon kominal wanament trouve yo nan gro diffikilte ak tronson wout ki menen akil de Pen an akòz movèz eta wout si la. Si lè pa genyen lapli yo gro nan diffikilte pou jwenn dlo pou awoze jaden lè genyen se yon lòt ankò. Nan sans sa ti gout lapli ki tonbe jodi dimanche 3 oktòb la vin agrave sitiyasyon an, sa ki pouse plizyè nan yo kritike otorite yo selon sa yo di, ki pa pran responsabilite pou pemèt wout la fèt nòmalman.

"se chak fwa gen eleksyon nou wè prezans Nèg ak fanm pa bò isit kap fè politik nan depatman nòdès la vin fè kanpay, men kon yo finn pran pouvwa yo pa mete pwent pye yo nan zòn nan ankò, men fwa sa nap pare tann yo" deklarasyon anpil nan yo ki tap pale nan mikro SCRIPT MÉDIA TV.

@Joseph Judelyn

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Wanament / Edikasyon : Aprè yon group sitwayen ( direktè,profsè, paran ...) te fin chita epi diskiye ayè lendi 14 novann lan sou kijan ak ki fason lekol la te ka ouvri nan komin wanament

Liberté Infos nan yon nòt pou la près sitwayen yo deside yap fè ouvèti lekol demen mekredi 16 novanm nan wanament. Nan sa yo  mande la polis...