Nodès / aksidan sikilasyon

 Nodès, aksidan sikilasyon.

2 machin kwaze ansanm sou rout nasyonal nimewo 6, tou prè ponp gaz ki nan kafou fòlibète a, se yon gro kamyon ki pote machandiz ki tap soti wanament ak yon ti machin ki tap soti kap ayisyen ki frape ansanm. Pa genyen mò jis ka prezan.





Incendie / Cap Haïtien


 Incendie d'un camion d'essence dans la deuxième ville du pays, Cap-haitien dans la matinée de ce mardi 14 décembre 2021. Selon les premiers bilans environ une soixantaine de morts, des dizaines de blessés et des dégâts matériels sont enregistrés. Pour l'instant l'hôpital Justinien qui reçoit les blessés demande de l'aide d'urgence.

Pri gaz la pwal ogmante sou mache a

Archive / Script Media TV


Nan yon pwen de près  nan dat 7 desanm 2021 an  nan rezidans ofisyèl premye minis lan Dr Ariel Henry, gouvènman deside ogmante pri prodwi petwòlye yo apati vendredi 10 desanm kap vini la.

Daprè tout denye desizyon yo : galon gazolin ki tap vann 201 goud pwal pase a 250 goud, Galon Dizèl la ki te vann 169 goud pase  353 Goud, Kerozèn nan pase 163  a 352 goud.

 Finalman Leta deside  anile sibvansyon sou dizèl ak kerozèn nan. Selon presizyon minis planifikasyon an, ansyen senatè Ricard Pierre gouvènman anile sibvansyon sa yo nan lide pou reponn avèk egzijans popilasyon an. Bò kote pa'l minis afè sosyal ak travay la Odne Pierre Ricot ki te pale nan prwen de près sa, fè konnen pri transpò yo ap rete menm jan. 

Lè'n  konsidere gaz kise yon prodwi transvèsal, desizyon sa riske gen gwo konsekans sou sitiyasyon ekonomik popilasyon ki te deja a fè ak anpil difikilte.

Installation du Juge Jacques Elie LOUIS comme titulaire a.i du tribunal de paix de Ouanaminthe

 Installation du Juge Jacques Elie LOUIS comme titulaire a.i du tribunal de paix de Ouanaminthe 


Photo Facebook du concerné

Après avoir désigné juge titulaire a.i au tribunal de paix de Ouanaminthe, Me Jacques Elie LOUIS a été installé dans sa nouvelle fonction hier mercredi 30 novembre 2021. L'installation se faisait par le Doyen du tribunal de première instance de Fort-Liberté, Wilfrid BRUTUS. Ce dernier vient de remplacer Me Jean Eugène qui a été transféré au tribunal de paix de Capotille. 


Dans un bref discours, le nouveau titulaire a.i du tribunal de paix de Ouanaminthe promet de travailler dans le cadre de la loi afin de donner de bon résultat.


Notons, cette installation est venue après la décision prise par le Secrétariat Technique du Conseil Supérieur du Pouvoir judiciaire (CSPJ) afin de transférer le Juge Jean Eugène au tribunal de paix de Capotille et le Juge Ferry BERNARD qui était en fonction au tribunal de paix de Capotille à  Ouanaminthe.



Oxilas Guerlin

Depi fenomèn ratman gaz la pri prodwi premye nesesite yo pa sipann grenpe

Depi fenomèn ratman gaz la pri prodwi premye nesesite yo pa sipann grenpe 

@manex_Jean-Simon/ScriptmediaTV

 


Depi plis pase 6 mwa peyi dayiti ap Konen yon fenomèn ratman gaz san kanpe, yon sitiyasyon ki vin pi grav depi aprè asasina ansyen prezidan Jovenel Moïse lakay li nan lannwit 6 pou leve 7 jilè pase a. Sitiyasyon sa pa san konsekans sou ogamantasyon pri sou tout aktivite ekomik yo nan peyi a (inflation).

Malgre divès mezi otorite yo anonse pou kwape sitiyasyon sa yon fason pou soulaje popilasyon an ki viv chak jou anyen pa mache, pri prodwi premye nesesite yo pa sispann monte, Sa ki vin antre moun yo pi fon nan mizè.

Nan depatman nodès la, sitiyasyon an pa diferan. Nan yon vire won ekip #Script_MÉDIA_TV a fè nan kèk mache samdi 27 novanm 2021 an, nou remake pri prodwi premye nesesite yo ogmante a yon vitès ekstraòdinè. Konsta yo montre wap bezwen genyen anviwon : 115 goud pou yon gode (timamit) pwa, 65 goud pou yon gode (timamit) diri, 65 goud pou yon gode sik, 125 goud pou yon aran, 60 goud pou yon mandè lwil Epi 150 goud omwen pou yon chyen janbe pou'n site sa yo selman.

Plizyè nan ti machann sa yo ki te pale ak nou di, sa se konsekans non sèlman ratman gaz la men dola ameriken an ki pa sipann ogmante chak jou tandiske tout sa nou bezwen se nan peyi lòt bò dlo nou achte'l. Pilwen ti Manchann yo denonse iresponsbilite Leta, yo di ki pa janm pran ankenn mezi reyèl pou remedye sitiyasyon an.

Kesyon anpil moun ap poze, se jis kilè pèp ayisyen ap rale yon souf anba mizè nwa sila a akoz yo pa wè ankenn volonte reyèl bò kote otorite yo nan Leta pou adrese vrè problèm peyi ak tout senserite.


Manex Jn simon

#SOS #DINEPA : Depi kèk jou nan vil #wanament se avèk anpil difikilte pou yon moun jwenn yon ti gout dlo pou kapab sèvi


#SOS
#DINEPA : Depi kèk jou nan vil #wanament se avèk anpil difikilte pou yon moun jwenn yon ti gout dlo pou kapab sèvi, sitiyasyon sa lakoz kèk moun pran lari avèk galon nan men ap mache chache toupatou pou yo wè si yo kapab jwenn yon ti gout dlo pou satisfè bezwen yo.

popilasyon an ki te deja ap fè fas ak anpil difikilte ak problèm gaz la, mande responsab #dinepa yo pou aji prese prese pou rezoud problèm sa a avan ka yo ta vin pi grav. @Joanis_Elie /@Scriptmediatv1

Youn nan responsab mouvman grèv la nan wanament anonse yon trèv apati demen Jedi a

 





Swit a mouvman leve kanpe kite gen nan vil wanament depi dimanch swa, youn nan responsab mouvman an, Jose La guerre, ki t'ap entèvni  nan mikro yon konfrè nou nan yon stasyon  sè  nan vil la,  fè konnen yo satisfè de mouvman an, pandan,l te tou anonse yon trèv pou demen jedi 28 oktòb 2021 an.


li fè konnen  mouvman sa te prevwa fèt pandan twa jou pou te denonse: ensekirite, kidnappinn, la vi chè , problèm rataman gaz la ak plizyè lòt ankò.  daprè sa li fè konnen grèv la pap kanpe definitivman y'ap gen pou kontinye mouvman sa nan jou k'ap vini yo, si tout fwa otorite yo pa deside reponn a revandikasyon yo.


Pi lwen, Jose Laguerre voye jete byen lwen deklarasyon moun ki ta fè kwè se lajan ki distribiye nan baz yo pou kenbe mouvman an, pandan li fè konnen agen UDMO endividi te dezame yè aprè midi a, se yon endividi ki te enfiltre mouvman an ki te komèt aksyon sa, men moun ki te prezan sou plas te gentan rekipere zam nan, nan men endividi a, menm moman sa ekip paw ( pale pou wanament) te remet zam nan.


Nap raple, depi lendi 25 oktòb pase a tout enstitisyon piblik tankou prive nan vil la te oblige fèmen pòt yo, swit a mouvman sa ki te lanse pa ansanm sitwayen sa yo nan vil la ki reyini sou yon strikti ki batize "PAW" ki siyifi pale pou wanament.


Séjour Léonel 

Agen UDMO endividi te dezame yè a rekipere zam li

 


Daprè enfòmasyon nou gen ki disponib nan #scriptmediatv, Agen UDMO endividi yo pat rive identifye te dezame yè aprè midi pandan li tap soti nan sou komisarya codevi ki se kote lap travay la te rive rekipere zam li san problèm nan menm sware a.

Nap fè remake, jiska prezan sitiyasyon an toujou menm jan maten an, kote majorite ouvriye CODVI yo toujou rete lakay yo, swit a mouvman sa kite kòmanse depi samdi swa nan vil Wanament.



Wanament / flash : Endividi yo pa rive idantifye fenk dezame yon polisye UDMO

 



Aprè anpil echanj katouch, ròch  ak lapolis nan zòn site plonto ak ba gaya nan aprè midi madi 26 oktòb la pou anpeche ouvriye ki te ale travay zòn franch (CODEVI) maten an sòti, endividi yo pa rive identifye dezame polisye #UDMO #FIY ki travay nan pak idistriyèl la.


Selon plizyè temwen ki te sou plas, yo te twa ki tap eseye kreye espas pou ouvriye sòti men sa pat anpeche endividi yo anvayi yo epi pran zam polisye a. 


Pou koulya zòn nan sou sispenz tout moun blije rete devan lakay yo.

Ouanaminthe/ Grèves : la quasi totalité des activités sont paralysées ce lundi





 Ce lundi 25 octobre 2021, Ouanaminthe la capitale économique du Nord-est, ce lève sous le choc suite à un appel à la grève lancée dans la soirée du dimanche par des individus parcourant abords d'un camion à mobile demandant à tous les citoyens de rester chez eux demain. Des jets de pierres et de bouteilles, des barricades, des nœuds enflammés sont constatés un peu partout à travers les rues dans la matinée de ce lundi. Cette situation de tension avait paralysé la quasi totalité des activités dans cette ville frontalière. 


Les banques commerciales, les écoles, le marché frontalier de dajabon, la compagnie de développement industriel (CODEVI), le transport en commun ainsi que les institutions publiques sont complètement paralysés à Ouanaminthe ainsi que dans d'autres communes du département.


Le mouvement a été revendiqué par la suite vers les 9heures AM par un groupe de citoyens réunis sur une structure baptisée, PAW " pale pou wanament".  Ces citoyens protestaient, entre autres contre la rareté de carburants, la hausse des prix et dénoncent du même coup l'irresponsabilité de l'état dans tout ça. Au cours de leurs parcours une opération dénommée : "fèmen biwo leta" a été lancée.


À cet effet, les portes de l'ONA, DGI, de la mairie entre autres,  sont verrouillées à cadenas. Parcourant divers artères de la ville les manifestants réclament aussi l'autonomie de Ouanaminthe qui selon eux, subit de toute sorte de maltraitance du pouvoir central.


En réalité ce mouvement est venue suite à une énièmes appel à la grève lancée par des syndicats du transport en commun dans tout le pays pour protester  contre le rareté  de carburants et le kidnappinn. Et l'appel a été répondu dans divers communes du département.

Vil wanament leve avèk anpil sispenz maten lundi 25 oktòb 2021


Vil wanament leve avèk anpil sispenz maten lundi 25 oktòb 2021. Anpil Ròch, boutèy, bal ak kawotchou tap boule maten an. Majorite sektè pa fonksyone tankou lekol, Kodevi,  la bank ak mache dajabon nan. Sitwayen yo ki deyè mouvman sa ap revandike kont rate gaz la ak lavi chè.

Nap fè remake yè dimanche lan ganlon gaz tap vann a 1200 goud nan lari wanament.

Chak fwa yon gout lapli tonbe peyisan kap viv nan wo dilè nan 4ème seksyon kominal wanament trouve yo nan gro diffikilte

Joseph Judelyn
Chak fwa yon gout lapli tonbe peyisan kap viv nan wo dilè nan 4ème seksyon kominal wanament trouve yo nan gro diffikilte ak tronson wout ki menen akil de Pen an akòz movèz eta wout si la. Si lè pa genyen lapli yo gro nan diffikilte pou jwenn dlo pou awoze jaden lè genyen se yon lòt ankò. Nan sans sa ti gout lapli ki tonbe jodi dimanche 3 oktòb la vin agrave sitiyasyon an, sa ki pouse plizyè nan yo kritike otorite yo selon sa yo di, ki pa pran responsabilite pou pemèt wout la fèt nòmalman.

"se chak fwa gen eleksyon nou wè prezans Nèg ak fanm pa bò isit kap fè politik nan depatman nòdès la vin fè kanpay, men kon yo finn pran pouvwa yo pa mete pwent pye yo nan zòn nan ankò, men fwa sa nap pare tann yo" deklarasyon anpil nan yo ki tap pale nan mikro SCRIPT MÉDIA TV.

@Joseph Judelyn

Plizyè chofè moto taksi te deside bloke wout national #6 la, devan ponp gaz national la


 plizyè chofè moto taksi te deside bloke wout national #6 la, devan ponp gaz national la, nan vil wanament yè jeudi 30 septanm nan pou demonse direktè ponp lan, yo di ki pa pran responsablite li pou fasilite yo jwenn gaz pou mete nan verikil yo. sa te kreye gwo panik sou wout nasyonal la, sekirite yo te oblije tire anlè pou te dispèse foul la.

Mobilizasyon profesè nòdès yo k'ap mande nominasyon ak bon kondisyon travay nan vil fòlibète


           Plizyè dizèn profesè ki soti nan diferan komin nan depatman nodès la te mache nan divès ri nan vil fòlibète yè madi 21 septanm 2021 an , jou otorite yo te rezève pou ouvri lekol ane sa nan tout depatman ki pat frape nan tranbleman tè 14 out ki sot pase la. mach sa a te oganize nan lide pou yo mande Leta lèt nominsyon yo epi peye yo ti rès lajan yo dwe yo ak depa Fritz Jacques nan tèt ministè a nan nivo depatman ak kèk lòt ankò
Profesè sa yo ki tap lanse anpil move paròl kont Leta ayisyen di, yo pap rantre nan Klas toutan yo pa reponn a revandikasyon yo.
Nap fè remake se chak ane depi lekol pwal louvri li toujou konsa nan preske tout peyi a, E se toujou "mal sele ki toujou foule".

À Ouanaminthe des marchands dénoncent l'insalubrité généralisée du marché communale

     

Photo : Oxilas Guerlin/ SCRIPT MÉDIA TV
Plusieurs dizaines de petits marchands qui fréquentent chaque jour le marché communale de Ouanaminthe dénoncés avec véhémence, lors d'un micro-trottoir réalisé par notre collaborateur Séjour Léonel, mercredi 1 septembre dernier, l'insalubrité généralisée qui bat son plein au niveau du marché communale. Ces marchands critiquent sévère les autorités municipales qui malgré une Somme d'argent ramassée entre les mains chaque samedi ne font rien pour améliorer la situation.

《Alors qu'ils nous obligent de verser une Somme d'argent chaque semaine et rien ne faire pour améliorer la situation. Donc nous voulons savoir ceux qu'ils font avec cette Somme》, a déclaré les marchands. 《 La situation est critique, nous ne pouvons pas vivre ainsi 》 ont-ils insistés.

À côté des conséquences désastreuses directes que peuvent causer ce phénomène sur la santé humaine, il représente aussi un danger menaçant pour la santé environnementale.

À cet effet, ces pauvres marchands, désespérés, malgré tout demandent aux autorités d'assumer ses responsabilités. 

Précisons, le phénomène d'insalubrité est globalisé à Ouanaminthe et jusqu'à preuve du contraire ça reste un défi majeur pour les autorités. 

 

guerlinoxilas@gmail.com

Kazèk Dumas yo esplike sitiyasyon difisil seksyon kominal yo a ap fè fas



Photo Fbk Gabrielle Macaronne, Kazèk Dumas
Seksyon kominal se dènye delimitasyon teritoryal ki genyen nan peyi dayiti. Menm si anpil gwo save nan Kesyon devlòpman toujou di, tout devlòpman reyèl dwe komanse nan seksyon kominal yo men sa pa anpeche pouvwa santral toujou trete seksyon kominal yo an paran pov.
Nan sans sa, nan kad yon entevyou yo bay redaksyon #Script_Média_TV" samdi 4 septanb 2021 an, otorite lokal yo nan seksyon kominal Dumas pou komin Fort-liberté, Nan Nòdès peyi  a, drese yon tablo sonb de ansanm diffikilte seksyon kominal  yo a ap fè fas. Se te Okazyon pou yo te denonse pouvwa santral ki pa janm mete anyen kòm mwayen nan bidjè peyi a pou ede seksyon kominal yo avanse.

Nan dosye ekonomi, Kròdonatè Kazèk Dumas, Gabrielle Macaronne di, akrikilti ak elvaj se 2 prinsipal sous revni abitan nan zòn nan genyen. Lapli ki pa janm tonbe mete  peyizan yo nan gwo diffikilte  pou rive jwenn dlo pou wouze jaden sitou ak Baraj Maryon ki kenbe yon bon pati nan dlo a, menm si yo lage'l chak vendredi men li pa sifi akoz pa genyen Kanal irigasyon, selon esplikasyon Kazèk la.

Nan dosye sekirite
"Dumas pa genyen pòs polis, se nou menm Kazèk yo ki oganize nou ak popilasyon an pou mete yon brigad sou pye pou ede konbat ensekirite a. Men sa pa anpeche nou genyen kèk ka de vol de betay men se pa souvan" paròl  Nironel Cherenfant youn nan manb adjwen yo

Nan Kesyon  sante
Kazèk Gabrielle Macaronne fè Konen Dumas pa gen sant sante, selman yon klinik men ki pa fonksyone nòlmal. Pi lwen  Macoronne di, seksyon kominal li a ap fas ak yon grav problèm sante. "Lè pou fanm ansent akouche se yon veritab tèt chaje, kèk fwa yo menm konn rive pedi lavi yo" esplisyon Kazèk Macaronne ak yon vizaj tris.

Sou Kesyon elektrisite
"Dumas pa gen elektrisite, men nou genyen selman 68 poto ki kanpe nan kad yon projè ki tap egzekite avèk 5 000 000 goud fon kominal yo, men nou rete konsa nou wè projè a kanpe san yo pa bay nou esplikasyon" deklarasyon Gabrielle Macaronne. Sepandan nan kad projè sa, yo te genyen pou mete poto ak triplèks jiskaske yo fè lòt demach  pou jwenn kòb pou finalize projè a, toujou esplikasyon kòdonatè Kazèk la panda li promet pou ale chèche plis enfòmasyon pou  pote bay popilasyon an sou projè sa.

Nan sa ki gen a wè ak edikasyon, Dumas pa gen lekol sekondè nan sans sa Kazèk yo di, yo prè pou bay kontibisyon yo si tout fwa pouvwa santral ou byen nenpòt lòt ONG  ta vle ede yo.

"Kazèk yo jwe plizyè ròl nan seksyon kominal yo. nou jwe wol  jij, la polis elatriye paske se nou ki pi pre popilasyon nenpòt problèm yo genyen se nan Biwo Kazèk la yo vini epi se nou ki pi maltre. Kazèk yo pa genyen yon bon salè e sak pi dròl la yo konn fè 15 mwa san yo pa bay nou yon goud,  deklarasyon tris Nironel Cherenfant.
Finalman responsab seksyon kominal Dumas yo mande Leta santral fon kout je gade seksyon kominal yo paske pap gen bon jan devlòpman yap pale a san entegrasyon kolektivite yo.

guerlinoxilas@gmail.com

WANAMENT/ AGRIKILTI : 7 900 000 dola se kantite lajan ki disponib pou egzekite yon projè irigasyon nan plèn wo maribawou

 Direktè depatmantal agrikilti nan depatman nodès la, Sylvain Sama, te nan lokalite dilè, youn nan lokalite ki trouvel nan seksyon kominal wo maribawo, komin wanament, yè mèkredi 8 septanb 2021 an, nan objektif pou fòme yon komite kap gen pou jere yon projè irigasyon ki pwal egzekite nan plèn nan, nan mwa k'ap vini la yo. Projè sa ki finanse ak  7 900 000 dola ameriken pa  " Bank Caribéenne de développement" ak yon kontrepati Leta ayisyen ap dire environ 4 lane sou perimèt la. 

Selon esplikasyon direktè depatmantal ministè agrikilti a, Sylvain Sama,  se Agro Action Allemende kap fè aplikasyon projè a nan tèt kole ak ministè agrikilti . Nan sans sa yo prevwa aji sou plizyè konpozant : Amenaje basen vèsan, kontwi ak anemenaje Kanal irigasyon, fòmasyon pou peyisan se kèk nan yo.  Pi lwen, Direktè a fè konnen, projè sa gen pou misyon travay pou awoze yon valè 400 ekta tè nan zòn nan.

"Projè a ap fèt nan objektif pou ede plantè yo travay pi byen epi bay plis randman" paròl direktè Sylvain Sama padan li mande patisipasyon tout moun nan zòn nan pou pèmèt projè a dire pi lontan.

nap presize se pa premye fwa jan de projè sa yo sòti andedan ministè agrikilti sou pretèks pou soulaje kondisyon moun k'ap prodwi yo, men an reyalite ki pa toujou fè yon enpak  reyèl sou ogmantasyon prodiksyon lokal la. Fwa sa popilasyon dwe pi vijilan yon fason pou projè a egzekite jan sa te  promèt la.

guerlinoxilas@gmail.com

À Ouanaminthe : le rareté de carburant toujours la même chanson, le même refrain


      Photo archives 
En dépit des tentatives faites par les autorités municipales et les représentants du ministère du commerce et de l'industrie accompagné de la police dans la communauté Ouanaminthaise le mois antérieur, en vue de lutter contre le marché noir des produits pétroliers et des potentiels incendies, quelques semaines plus tard, la situation n'est pas changer, toujours la même chanson, le même refrain.

Certains même demande s'ils étaient sérieux? A cette époque, des dizaines de galons de gaz des petits détaillants, certains à l'intérieur même de leurs maison, a été saisis. Et jusqu'à présent personne ne sait vraiment qu'est-ce qu'ils font avec ces marchandises? Alors que le problème reste et demeure.

La population laisse toujours pour contre. Les propriétaires des véhicules et d'autres sont encore dans les difficultés de s'approvisionner en essence pour vaquer à leur occupation. Tandis que, aux abords des pompes s'allongent toujours des petits détaillants qui décident le prix à sa volonté sous les yeux  des Autorités. 

A cette effet, certains se demandent :  mais si cet ainsi, pourquoi avaient-ils posés cette fallacieuse action ?  "C'est de la poudre aux yeux" dénonce plus d'un à travers plusieurs stations de radios de la ville.

Ouanaminthe/Insécurité : Deux mulets sont remis à des citoyens Dominicain

De gauche à droite : les deux propriétaires, le représentant du consulat et le commissaire Bio Moncher.

Séjour Leonel
Le responsable du commissariat de Ouanaminthe, Bio Moncher, a procédé à la remise de deux mulets à deux citoyens Dominicain en présence d'un représentant du consulat Dominicain à Ouanaminthe lundi 30 août 2021 dernier. Ces mulets ont été enlevés en république Dominicaine par deux présumés voleurs Haïtien, Selinir saint-Cilus 28 ans et Wilter Clericien 28 ans à fait savoir Bio Moncher.Ces derniers ont été stoppés par la police Haïtienne en collaboration avec le "CASEC" de Jean de Nantes 24 août écoulé alors qu'ils tentaient de se rendre au parlant Selon les précisions du commissaire.

Ces présumés cambrioleurs sont déjà transférés à la justice, poursuit le numéro 1 du commissariat de Ouanaminthe.

Plus loin, Bio Moncher dit, cette activité entre dans le cadre d'une collaboration franche entre les autorités policières des deux pays.

guerlinoxilas@gmail.com 


Wanament / Edikasyon : Aprè yon group sitwayen ( direktè,profsè, paran ...) te fin chita epi diskiye ayè lendi 14 novann lan sou kijan ak ki fason lekol la te ka ouvri nan komin wanament

Liberté Infos nan yon nòt pou la près sitwayen yo deside yap fè ouvèti lekol demen mekredi 16 novanm nan wanament. Nan sa yo  mande la polis...