![]() |
Photo Fbk Gabrielle Macaronne, Kazèk Dumas |
Nan sans sa, nan kad yon entevyou yo bay redaksyon #Script_Média_TV" samdi 4 septanb 2021 an, otorite lokal yo nan seksyon kominal Dumas pou komin Fort-liberté, Nan Nòdès peyi a, drese yon tablo sonb de ansanm diffikilte seksyon kominal yo a ap fè fas. Se te Okazyon pou yo te denonse pouvwa santral ki pa janm mete anyen kòm mwayen nan bidjè peyi a pou ede seksyon kominal yo avanse.
Nan dosye ekonomi, Kròdonatè Kazèk Dumas, Gabrielle Macaronne di, akrikilti ak elvaj se 2 prinsipal sous revni abitan nan zòn nan genyen. Lapli ki pa janm tonbe mete peyizan yo nan gwo diffikilte pou rive jwenn dlo pou wouze jaden sitou ak Baraj Maryon ki kenbe yon bon pati nan dlo a, menm si yo lage'l chak vendredi men li pa sifi akoz pa genyen Kanal irigasyon, selon esplikasyon Kazèk la.
Nan dosye sekirite
"Dumas pa genyen pòs polis, se nou menm Kazèk yo ki oganize nou ak popilasyon an pou mete yon brigad sou pye pou ede konbat ensekirite a. Men sa pa anpeche nou genyen kèk ka de vol de betay men se pa souvan" paròl Nironel Cherenfant youn nan manb adjwen yo
Nan Kesyon sante
Kazèk Gabrielle Macaronne fè Konen Dumas pa gen sant sante, selman yon klinik men ki pa fonksyone nòlmal. Pi lwen Macoronne di, seksyon kominal li a ap fas ak yon grav problèm sante. "Lè pou fanm ansent akouche se yon veritab tèt chaje, kèk fwa yo menm konn rive pedi lavi yo" esplisyon Kazèk Macaronne ak yon vizaj tris.
Kazèk Gabrielle Macaronne fè Konen Dumas pa gen sant sante, selman yon klinik men ki pa fonksyone nòlmal. Pi lwen Macoronne di, seksyon kominal li a ap fas ak yon grav problèm sante. "Lè pou fanm ansent akouche se yon veritab tèt chaje, kèk fwa yo menm konn rive pedi lavi yo" esplisyon Kazèk Macaronne ak yon vizaj tris.
"Dumas pa gen elektrisite, men nou genyen selman 68 poto ki kanpe nan kad yon projè ki tap egzekite avèk 5 000 000 goud fon kominal yo, men nou rete konsa nou wè projè a kanpe san yo pa bay nou esplikasyon" deklarasyon Gabrielle Macaronne. Sepandan nan kad projè sa, yo te genyen pou mete poto ak triplèks jiskaske yo fè lòt demach pou jwenn kòb pou finalize projè a, toujou esplikasyon kòdonatè Kazèk la panda li promet pou ale chèche plis enfòmasyon pou pote bay popilasyon an sou projè sa.
Finalman responsab seksyon kominal Dumas yo mande Leta santral fon kout je gade seksyon kominal yo paske pap gen bon jan devlòpman yap pale a san entegrasyon kolektivite yo.
guerlinoxilas@gmail.com
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire