WANAMENT/ AGRIKILTI : 7 900 000 dola se kantite lajan ki disponib pou egzekite yon projè irigasyon nan plèn wo maribawou

 Direktè depatmantal agrikilti nan depatman nodès la, Sylvain Sama, te nan lokalite dilè, youn nan lokalite ki trouvel nan seksyon kominal wo maribawo, komin wanament, yè mèkredi 8 septanb 2021 an, nan objektif pou fòme yon komite kap gen pou jere yon projè irigasyon ki pwal egzekite nan plèn nan, nan mwa k'ap vini la yo. Projè sa ki finanse ak  7 900 000 dola ameriken pa  " Bank Caribéenne de développement" ak yon kontrepati Leta ayisyen ap dire environ 4 lane sou perimèt la. 

Selon esplikasyon direktè depatmantal ministè agrikilti a, Sylvain Sama,  se Agro Action Allemende kap fè aplikasyon projè a nan tèt kole ak ministè agrikilti . Nan sans sa yo prevwa aji sou plizyè konpozant : Amenaje basen vèsan, kontwi ak anemenaje Kanal irigasyon, fòmasyon pou peyisan se kèk nan yo.  Pi lwen, Direktè a fè konnen, projè sa gen pou misyon travay pou awoze yon valè 400 ekta tè nan zòn nan.

"Projè a ap fèt nan objektif pou ede plantè yo travay pi byen epi bay plis randman" paròl direktè Sylvain Sama padan li mande patisipasyon tout moun nan zòn nan pou pèmèt projè a dire pi lontan.

nap presize se pa premye fwa jan de projè sa yo sòti andedan ministè agrikilti sou pretèks pou soulaje kondisyon moun k'ap prodwi yo, men an reyalite ki pa toujou fè yon enpak  reyèl sou ogmantasyon prodiksyon lokal la. Fwa sa popilasyon dwe pi vijilan yon fason pou projè a egzekite jan sa te  promèt la.

guerlinoxilas@gmail.com

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Wanament / Edikasyon : Aprè yon group sitwayen ( direktè,profsè, paran ...) te fin chita epi diskiye ayè lendi 14 novann lan sou kijan ak ki fason lekol la te ka ouvri nan komin wanament

Liberté Infos nan yon nòt pou la près sitwayen yo deside yap fè ouvèti lekol demen mekredi 16 novanm nan wanament. Nan sa yo  mande la polis...