Mobilizasyon profesè nòdès yo k'ap mande nominasyon ak bon kondisyon travay nan vil fòlibète


           Plizyè dizèn profesè ki soti nan diferan komin nan depatman nodès la te mache nan divès ri nan vil fòlibète yè madi 21 septanm 2021 an , jou otorite yo te rezève pou ouvri lekol ane sa nan tout depatman ki pat frape nan tranbleman tè 14 out ki sot pase la. mach sa a te oganize nan lide pou yo mande Leta lèt nominsyon yo epi peye yo ti rès lajan yo dwe yo ak depa Fritz Jacques nan tèt ministè a nan nivo depatman ak kèk lòt ankò
Profesè sa yo ki tap lanse anpil move paròl kont Leta ayisyen di, yo pap rantre nan Klas toutan yo pa reponn a revandikasyon yo.
Nap fè remake se chak ane depi lekol pwal louvri li toujou konsa nan preske tout peyi a, E se toujou "mal sele ki toujou foule".

1 commentaire:

Wanament / Edikasyon : Aprè yon group sitwayen ( direktè,profsè, paran ...) te fin chita epi diskiye ayè lendi 14 novann lan sou kijan ak ki fason lekol la te ka ouvri nan komin wanament

Liberté Infos nan yon nòt pou la près sitwayen yo deside yap fè ouvèti lekol demen mekredi 16 novanm nan wanament. Nan sa yo  mande la polis...