Pri gaz la pwal ogmante sou mache a

Archive / Script Media TV


Nan yon pwen de près  nan dat 7 desanm 2021 an  nan rezidans ofisyèl premye minis lan Dr Ariel Henry, gouvènman deside ogmante pri prodwi petwòlye yo apati vendredi 10 desanm kap vini la.

Daprè tout denye desizyon yo : galon gazolin ki tap vann 201 goud pwal pase a 250 goud, Galon Dizèl la ki te vann 169 goud pase  353 Goud, Kerozèn nan pase 163  a 352 goud.

 Finalman Leta deside  anile sibvansyon sou dizèl ak kerozèn nan. Selon presizyon minis planifikasyon an, ansyen senatè Ricard Pierre gouvènman anile sibvansyon sa yo nan lide pou reponn avèk egzijans popilasyon an. Bò kote pa'l minis afè sosyal ak travay la Odne Pierre Ricot ki te pale nan prwen de près sa, fè konnen pri transpò yo ap rete menm jan. 

Lè'n  konsidere gaz kise yon prodwi transvèsal, desizyon sa riske gen gwo konsekans sou sitiyasyon ekonomik popilasyon ki te deja a fè ak anpil difikilte.

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Wanament / Edikasyon : Aprè yon group sitwayen ( direktè,profsè, paran ...) te fin chita epi diskiye ayè lendi 14 novann lan sou kijan ak ki fason lekol la te ka ouvri nan komin wanament

Liberté Infos nan yon nòt pou la près sitwayen yo deside yap fè ouvèti lekol demen mekredi 16 novanm nan wanament. Nan sa yo  mande la polis...