Ayiti/ diplomasi: Depòtasyon migran ayisyen yo nan repiblik dominikèn ap kontinye




Depòtasyon migran yo nan repiblik dominikèn ap kontinye san kanpe, sou lòd gouvènman dominiken an ki gen nan tèt li, prezidan Luis  Abinader


Nan kad yon vizit Script média TV fè yè Lendi 17 janvye 2022 sou fwontyè a, konsta yo montre ke imigrasyon nan repiblik dominikèn pa sispann rapatriye ayisyen yo sou tout fòm sou tèritwa dominiken an. granmoun tankou ti moun, menm fanm ansent pa epanye nan kad rapatriman sa yo.


 Sou kouvèti anonima, nan yon ti kout paroli yon ajan kap travay nan biwo imigrasyon ayisyen ta fè kwè pou sèlman yè Lendi 17 janvye sa, yo resanse sou frontyè a anviwon  118 moun pami yo 2 timoun ki gen mwens ke 2 lane.


Daprè sa kèk nan migran yo ta fè konnen, imigrasyon dominikèn antre pran yo andedan lakay yo, enkasere yo pandan plis pase 3 jou nan prizon san  okenn swen. yo pa bay yo dlo pou yo benyen epi yo bay yo manje yon sèl fwa pa jou  avan yo depòte yo sou frontyè wanament ak dajabonn nan. Migran sa yo ki te vrèman endiye mande akonpayman responsab imigrasyon yo nan wanament yon fason pou yo kapab retounen lakay yo.


Nap fè remake, se pa premye fwa Sendomeng ap depòte migran ayisyen  nan kondisyon sa yo san okenn respè pou  lwa sou imigrasyon. Se depi plis pase yon  deseni rapatriman sa yo ap fèt sou tout  fòm nan repiblik vwazen an, menm etidyan ayisyen ki gen dokiman nan repiblik dominikèn viktim pa fwa de aksyon sa yo. Leta ayisyen bò kote pa li pa janm fè anyen pou regilarize sitiyasyon an.


 

Manex Jn Simon / Script média TV

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Wanament / Edikasyon : Aprè yon group sitwayen ( direktè,profsè, paran ...) te fin chita epi diskiye ayè lendi 14 novann lan sou kijan ak ki fason lekol la te ka ouvri nan komin wanament

Liberté Infos nan yon nòt pou la près sitwayen yo deside yap fè ouvèti lekol demen mekredi 16 novanm nan wanament. Nan sa yo  mande la polis...