Wanament Abi seksyèl /Arestasyon yon jèn gason 22 lane pou Abi seksyèl sou yon ti moun 15 lane



Wanament Abi seksyèl /Arestasyon yon jèn gason 22 lane pou Abi seksyèl sou yon ti moun 15 lane

Crédit : Alfredo Clasico



Wanament madi 04 janvye 2022 an otorite jidisyè yo nan tèt kole ak kòdonatè depatmantal IBERS la ( Institut du Bien-Être Social et de Recherches ) Mesye Occean Remy ak la polis nan komin nan, mete men nan pat kasav yon jèn gason 22 lane ki te fèmen nan yon chanm otèl anndan vil la ak yon ti moun 15 lane. Endividi sa, otorite yo poko revele idanttite,l, akize pou abi seksyèl ak detounman minè, trouve,l pou koulya nan men lapolis ak la jistis pou swit lega,l yo.

Arestasyon sa rive fèt nan kad kontinite yon ansanm operasyon verifye bwat lannwit yo, otèl elatriye, otorite yo nan IBERS nan tèt kole ak la polis, la jistis te lanse nan mwa desanm pase a.


 Nap raple se pa premye fwa zak sa yo ap prodwi nan vil Wanament ak nan divès kwen nan peyi. Yon sitiyasyon ki dwe atire rega "Leta" ak tout lòt enstitisyon kap travay nan defann dwa ti moun yon fason pou anpeche ti moun yo vikti,m chak jou piplis.


Manex Jn Simon / Script media Tv

1 commentaire:

Wanament / Edikasyon : Aprè yon group sitwayen ( direktè,profsè, paran ...) te fin chita epi diskiye ayè lendi 14 novann lan sou kijan ak ki fason lekol la te ka ouvri nan komin wanament

Liberté Infos nan yon nòt pou la près sitwayen yo deside yap fè ouvèti lekol demen mekredi 16 novanm nan wanament. Nan sa yo  mande la polis...