Ayiti politik : Plizyè santèn militan te prezan otrou yè dimanch lan pou resevwa Moïse Jean-charles


Ayiti politik : Plizyè santèn militan te prezan otrou yè dimanch lan pou resevwa Moïse Jean-charles 



Séjour Léonel / Script Media TV

Plizyè santèn militan ak senpatizan pitit Desalin te prezan nan vil Otrou nan nòdès peyi a, ak lidè pitit desalin nan Moïse Jean-charles yè dimanch 2 janvye 2022 an nan kad yon seri rasanbleman politik lap fè nan plizyè kwen nan peyi a. Ak drapo rouj e nwa, pankat nan men,
Militan sa yo ki t'ap di viv Moïse jean charles te mache nan plizyè ri nan vil la, daprè konsta #script_media_tv.

Nan okazyon sa, ansyen senatè nò a, Moïse jean charles te pale ak popilasyon otrou a ( Trou-du-Nord en Français) pandan li fè konnen, li bay Premye minis Ariel Henry kèk jou ankò poul rezoud problèm ensekirite a ak kidnapping nan andedan peyi a. MJC di si Ariel pa tande rezon , li menm li pral relanse mobilizasyon an ankò nan peyi a. JMC fè konnen li pral travay pou dote peyi a yon nouvèl klas politik, yon monè nasyonal "#bit_goud" ak plizyè lòt promès ankò. Yon lòt kote lidè goch ayisyèn nan fè konnen lè li fin prezidan li pwal chanje drapo peyi a "#wouj_e_nwa".

Ansyen majistra komim milot a fè konnen , li pa pral nan eleksyon ak moun sa yo ki la k'ap dirije peyi a jodia, li fè konnen anpil nan yo konplis nan lanmò Ansyen prezidan asasine a Jovenèl Moïse. Pilwen MJC fè kwè malgre tout divèsyon k'ap fèt, li pap sispann kontinye batay, kont oligachi, kont boujwa kòwonpi yo, kont ti gwoup ki kontrole ekonomi peyi a.

Li ale pi lwen poul di yo pap ka touyel menm jan ak ansyen prezidan Jovenel Moïse. li pap fè bak, li di fòk moun ki gagote lajan petro caribe a anba kòd. 

nap fè remake nan kòmansman rasanbleman politik sila, li te pran 1 minit silans nan memwa ansyen Prezidan asasine a Jovenel Moïse ki li menm se moun otrou.

Kesyon anpil moun ap poze, Eske sa ta vle di, se kanpay pou prochèn eleksyon yo ansyen senatè a deja kòmanse fè?

@Sejour_Léonel

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Wanament / Edikasyon : Aprè yon group sitwayen ( direktè,profsè, paran ...) te fin chita epi diskiye ayè lendi 14 novann lan sou kijan ak ki fason lekol la te ka ouvri nan komin wanament

Liberté Infos nan yon nòt pou la près sitwayen yo deside yap fè ouvèti lekol demen mekredi 16 novanm nan wanament. Nan sa yo  mande la polis...