Depi fenomèn ratman gaz la pri prodwi premye nesesite yo pa sipann grenpe
 |
@manex_Jean-Simon/ScriptmediaTV |
Depi plis pase 6 mwa peyi dayiti ap Konen yon fenomèn ratman gaz san kanpe, yon sitiyasyon ki vin pi grav depi aprè asasina ansyen prezidan Jovenel Moïse lakay li nan lannwit 6 pou leve 7 jilè pase a. Sitiyasyon sa pa san konsekans sou ogamantasyon pri sou tout aktivite ekomik yo nan peyi a (inflation).
Malgre divès mezi otorite yo anonse pou kwape sitiyasyon sa yon fason pou soulaje popilasyon an ki viv chak jou anyen pa mache, pri prodwi premye nesesite yo pa sispann monte, Sa ki vin antre moun yo pi fon nan mizè.
Nan depatman nodès la, sitiyasyon an pa diferan. Nan yon vire won ekip #Script_MÉDIA_TV a fè nan kèk mache samdi 27 novanm 2021 an, nou remake pri prodwi premye nesesite yo ogmante a yon vitès ekstraòdinè. Konsta yo montre wap bezwen genyen anviwon : 115 goud pou yon gode (timamit) pwa, 65 goud pou yon gode (timamit) diri, 65 goud pou yon gode sik, 125 goud pou yon aran, 60 goud pou yon mandè lwil Epi 150 goud omwen pou yon chyen janbe pou'n site sa yo selman.
Plizyè nan ti machann sa yo ki te pale ak nou di, sa se konsekans non sèlman ratman gaz la men dola ameriken an ki pa sipann ogmante chak jou tandiske tout sa nou bezwen se nan peyi lòt bò dlo nou achte'l. Pilwen ti Manchann yo denonse iresponsbilite Leta, yo di ki pa janm pran ankenn mezi reyèl pou remedye sitiyasyon an.
Kesyon anpil moun ap poze, se jis kilè pèp ayisyen ap rale yon souf anba mizè nwa sila a akoz yo pa wè ankenn volonte reyèl bò kote otorite yo nan Leta pou adrese vrè problèm peyi ak tout senserite.
Manex Jn simon