Swit a mouvman leve kanpe kite gen nan vil wanament depi dimanch swa, youn nan responsab mouvman an, Jose La guerre, ki t'ap entèvni nan mikro yon konfrè nou nan yon stasyon sè nan vil la, fè konnen yo satisfè de mouvman an, pandan,l te tou anonse yon trèv pou demen jedi 28 oktòb 2021 an.
li fè konnen mouvman sa te prevwa fèt pandan twa jou pou te denonse: ensekirite, kidnappinn, la vi chè , problèm rataman gaz la ak plizyè lòt ankò. daprè sa li fè konnen grèv la pap kanpe definitivman y'ap gen pou kontinye mouvman sa nan jou k'ap vini yo, si tout fwa otorite yo pa deside reponn a revandikasyon yo.
Pi lwen, Jose Laguerre voye jete byen lwen deklarasyon moun ki ta fè kwè se lajan ki distribiye nan baz yo pou kenbe mouvman an, pandan li fè konnen agen UDMO endividi te dezame yè aprè midi a, se yon endividi ki te enfiltre mouvman an ki te komèt aksyon sa, men moun ki te prezan sou plas te gentan rekipere zam nan, nan men endividi a, menm moman sa ekip paw ( pale pou wanament) te remet zam nan.
Nap raple, depi lendi 25 oktòb pase a tout enstitisyon piblik tankou prive nan vil la te oblige fèmen pòt yo, swit a mouvman sa ki te lanse pa ansanm sitwayen sa yo nan vil la ki reyini sou yon strikti ki batize "PAW" ki siyifi pale pou wanament.
Séjour Léonel