Depi kèk jou responsab yo nan legliz katolik manifeste volonte pou konstwi yon pawas nan espas "parc-de-jeux" mankèt la nan komin wanament. Yon desizyon ki mete anpil diskisyon nan kominote a sitou ak agen egzekitif yo nan komin nan. Edelin Sézard alyas frère Leonel esplike pozisyon legliz katolik nan dosye sa.
Wanament 15 me 2022;
Depi kèk jou genyen yon evantyèl konfli ant reprezantan legliz katolik nan komin wanament ak divès sitwayen kap viv nan kominote a sou volonte yo manifeste pou konstwi yon pawas anndan parc-de-jeux mankèt la. Sitwayen yo estime li pa akseptab pou legliz konstwi anndan yon espas ki reseve pou fè aktivite espò. Yon dosye ki fè anpil tole nan kominote a menm jounalis deja ap sibi gwo menas anba men kèk endividi.
Nan sans sa a, youn nan reprezantan legliz katolik nan kominote a, Edelin Sézard,tout moun konnen sou non frè Leonel ki tap patisipe nan emisyon " koze mande ti chèz" sou antèn radyo kanari ayè samdi 14 me a, esplike nan mikro jounalis Guiomètre Widelin pozisyon legliz la ak demach yo a. Frère Léonel di, legliz katolik pa janm nan eskandal okontrè legliz la toujou prè pou ede nan rezoud konfli chak fwa sa posib .
"Volonte sa vini aprè nou estime espas kote legliz la ye a pa pou legliz la, li pa apropriye tou epi mèt espas la manifeste volonte pou rekipere l. Nan sans sa legliz la tap chèche yon espas pou lokalize l . Kòm nou wè genyen yon pati ki vid nan parc-de-jeux a, nou te estime nou te kapab evolye nan espas la yon fason provizwa. Konsa nou te fè tout demach yo, soti nan ministè espò epi chita ak divès sektè nan kominote sou posibilite sa" esplikasyon Edelin Sézard.
Sepandan frère Leonel fè konnen menm si legliz la te respekte tout demach yo men yo patap janm ka konstwi legliz la si popilasyon pa dakò. Nan sa ki gen pou wè ak moun kap di yo te ofri legliz la yon espas men yo pa dakò responsab la di se manti. Okontrè yo prè pou chita ak tout moun ki gen volonte pou ede yo jwenn yon espas pou legliz la fonksyone nòmalman. Li te tou profite mande ak moun ki ap mal enteprete dosye a sou medya tradisyonel ak medya sosyo pou yo evite fè sa, paske legliz katolik pa viv nan eskandal e sa kapab fè otorite nan piwo nivo kanpe fonksyonman pawas la e lè sa se kominote a kap pèdi.
Nan menm dosye sa, Mathieu Philomé, Jounalis epi responsab yon medya an liy ki se "Liberté Infos ",li te invite nan menm emisyon sa ,li te denonse menas li di l'ap resevwa nan men yon gwoup jèn anndan site a , apre li te fin pibliye yon atik sou menm dosye sa. Jèn sa yo ki kite yon group politisyen panipile yo kont li pou fè yo kwè se li menm ki ap anpeche legliz la konstwi.
Mathieu Philomé di, okontrè li se premye moun ki vle pou legliz la konstwi men li kont pou,l fèt andan parc-de-jeux a. Kominote a bezwen ni Pak la, ni legliz la, nou dwe goumen pou,n konseve tou 2, deklarasyon Mathieu Philomé.
Pou rezoud konfli sa, genyen plizyè sitwayen pami yo youn nan ajan egzekitif enterimè yo Destiné Ocelite deja mete tan li ak kontribisyon ekonomik li disponib pou ede jwenn yon espas pou legliz la fonksyone nòmalman.
Nan sans sa li enpotan pou otorite yo nan Leta, nan legliz katolik ak nan sosyete sivil la chita pi vit pou jwenn yon antant pou konsève 2 patrimwan sa yo ke kominote a bezwen.
Otè : Oxilas Guerlin / scriptmediatv@gmail.com
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire