Abiseksyèl nan Inivèsite kretyèn nò ayiti, etidyan yo mande jistis ak reparasyon


 

Lundi 18 avril 2022 a, anpil etidyan nan plizyè fakilte nan Inivèsite kretyèn nan nò, nan komin Lenbe te oganize yon mach pasifik pou denonse vyòl kap fèt sou medam yo ak vòl materyel etidyan yo andedan Inivèsite kretyèn nò ayiti a (UCNH sig nan lang franse). Etidyan yo ki te ak pankat nan men yo devan Inivèsite a nan zòn seminè Lenbe, te profite okazyon mande  konsèy administrasyon an pran bon jan dispozisyon pou frennen zak malonèt sa yo ki pa sispann repete andan Inivèsite a nan dènye jou si la yo.


Nap raple, Mardi swa kite 12 avril la gen plizyè endividi moun pa rive idantifye ki te rantre nan dòtwa Inivèsite a kote yo vyole yon etidyant épi yo vòlè laptop ak telefòn plizyè lòt.


Nan manifestation an etidyan yo egzije pou Inivèsite a gen sekirite, klotire Université a anplis pou yo jwenn jistis ak reparasyon pou vikti,m yo.


Lob Sobieski PREVIL

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Wanament / Edikasyon : Aprè yon group sitwayen ( direktè,profsè, paran ...) te fin chita epi diskiye ayè lendi 14 novann lan sou kijan ak ki fason lekol la te ka ouvri nan komin wanament

Liberté Infos nan yon nòt pou la près sitwayen yo deside yap fè ouvèti lekol demen mekredi 16 novanm nan wanament. Nan sa yo  mande la polis...