Joanis Elie |
Wanament, nan lokalite sans dèyè vapò nan zòn lagon fagal gen yon gwo konfli teren, selon sa popilasyon rapòte nou, se ta va yon ansyen propriyetè ki vin reklame nan men yo yon teren yo te achte nan men yon lòt propriyetè ki te vann yo epi bay papye nòmalman. alòske tout teren an prèske fin konstwi se koulya yon lòt propriyete vin reklame tè a nan men yo kòmkwa yo te mal achte.
Yon dosye ke fanmiy kap reklame teren an angaje yon kabinè avoka ki itilize tout pouvwa ak mwayen yo genyen pou trete dosye a selon enfòmasyon ke moun kap viv nan espas la rakonte nou.
Selon sa plizyè nan sitwayen sa yo rakonte, Nan kad dosye sa plizyè arèstasyon deja fèt, sele deja poze sou plizyè kay, plizyè chantye kanpe, ata menm bòs mason kap travay nan espas la pran kòd. Si nou ta vle kwè pawòl kèk sitwayen nan zòn nan jiska prezan gen moun nan prizon nan kad konfli sa.
Pami kèk viktim ki tap bay yon ti detay fè konnen ke yo achte yo apante yo peye e yo gen papye ki fè yo dwa, malgré tout sa an prezans popilasyon an yo vin apante tè a yon lòt fwa e divize li an 2 pati, sa ki ta lakoz gwo panik nan mitan popilasyon an ki paka dòmi anpè.
se chak jou moun yo ap kouri kite kay, se kòmsi yo egzije tout moun ki sou teren an pou yo reachte espas yap viv la yon lòt fwa ankò. popilasyon an deklare ke yo pat fè dechoukay kidonk moun ki vann tè yo la, yap mande lajistis akonpanye yo pou bon jan limyè kapab fèt.
@Joanis_Elie / scriptmediatv@gmail.com
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire