Fèt sen Valanten pa bò lakay nou isit an ayiti.

 

Sen Valanten se yon fèt ki fete chak 14 fevriye, daprè kèk istoryen .

Anpil istoryen rakonte se Valanten pran nesans nan zòn Wòm antik ,women yo ki te konn fete li soti 13 pou rive 16 fevriye se yon perifikasyon senbolize ak pataje ou fè sakrifis nan yon gwòt ak yon bouk kabrit pou senbolize fèt li.

Nan ane 494 yon pap ki rele elias penier entèdi tradiksyon avan yo e chwazi se Valanten kòm sen moun ki renmen yo e non sèlman dat 14 fevriye a pou rann li omaj .

Si 14 fevriye se yon jou ki konsakre pou moun ki renmen ,pou montre lanmou w.Gen seten lèzòt pou yo menm lanmou pa ta dwe gen ni jou ,ni dat pou fete li , pandan moman sa yo tansyon boutik ak makèt yo toujou wo .

Daprè anpil jèn fèt sen Valanten se moman yo fete lanmou, lanmou ou ka gen pou yon zanmi, yon frè, yon sè, yon patnè ki pral depan de jan ou ye avèk moun nan, gen lòt ki ale pi lwen pou di fèt sen Valanten se yon fèt komèsyal kote majorite moun itilize pou fè lajan, gen ki di se pa lè 14 fevriye pou yon moun ta dwe fete lanmou li dwe fete chak jou pou mete lajwa nan kè menaj, zanmi. Sa ki di'w se prèske menm jan ak fèt manman pandan chak jou timoun nan leve lap joure manman l depi rive nan mwa me la fleri stati l ak foto manman ki se pa yon respè menm jan ak sen Valanten an . Gen sa ki di'w anfen pou yo sa se yon pèdi tan paske pata dwe fete'l sèlman 14 fevriye . Gen yon ekip lòt ki di èske'l ta dwe yon obligasyon pou bay kado avèk yon moun, ou kapab itilize yon senp bizou pou'w swete zanmi ou menaj ou bòn fèt se jès la ki konte .




Se yon fèt kap fè chemen'l chak jou pi plis nan mond lan, ou ta dwe pataje lanmou chak jou ak menaj ou, zanmi w pou n chanje peyi nou nan lanmou ak pataj .

Bòn fèt senvalanten ak tout moun nan renmen ak respè!!!


Jn simon Manex / scriptmediatv@gmail.com 


Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Wanament / Edikasyon : Aprè yon group sitwayen ( direktè,profsè, paran ...) te fin chita epi diskiye ayè lendi 14 novann lan sou kijan ak ki fason lekol la te ka ouvri nan komin wanament

Liberté Infos nan yon nòt pou la près sitwayen yo deside yap fè ouvèti lekol demen mekredi 16 novanm nan wanament. Nan sa yo  mande la polis...