COJNE di, aprè plis pase 10 lane depi Edner Décime ap sèvi popilasyon nan fè promosyon pou dwa moun , pou progrè ekonomik... se pa sa li ta dwe jwenn kòm rekonpans. Mete sou sa asosyasyon di eta sante jounalis la pa bon, li dwe pran medikaman tanzantan sa li paka fè depi plis 15 jou .
Nan sans sa COJNE mande ravisè yo liberasyon Joulis la, yon fason pou soulaje li ak fanmiy, zanmi,l ak tout lòt moun ke sa touche.
Scriptmediatv ap pataje nòt la avèk nou.
Nòt solidarite ak jounalis Edner Décime
Konfederasyon Jounalis nodès (COJNE) deplore zak kidnapin ki fèt sou konfrè nou Edner Décime,
jounalis nan AlterPresse, depi nan dat ki te dimanch 17 jiyè 2022 a, nan zòn Dèlma.
COJNE ap voye soliarite li bay konfrè Edner Décime, fanmi li ak AlterPresse.
Edner Décime ap sèvi peyi a atravè ajans AlterPresse depi nan lane 2011, kote lap fè pwomosyon pou dwa moun, pou pwogrè ekonomik ak anfavè lakilti, elatriye, atravè atik li yo. Olye kidnapin ak menas, se rekonesans Edner Décime merite, pou valè kontribisyon li deja pote nan travay pou Ayiti ka vin tounen yon peyi devlope kote tout pitit li ka viv tankou moun.
N’ap raple pou moun ki kidnape Edner yo, se nan kole pyese majorite jounalis an Ayiti rive bay fami yo manje. Jounalis ayisyen pa gen lajan. Donk, Edner pa ka twouve gwo magogo lajan pou peye pou liberasyon li. Epi tou, daprè enfòmasyon fanmi Edner pataje, sante jounalis la frajil, li soufri ipè tansyon. Gen yon seri medikaman li ta sipoze pran chak jou.
Nan sans sa, COJNE ap mande pou moun ki kidnape Edner Décime yo, pou libere li.
Moun ki siyen nòt sa pou COJNE:
Jéthro-Claudel Pierre Jeanty, Kòdonatè Telefòn : (509) 3717-3479
Jaudelet Junior Saint-Vil, Sekretè
Telefòn : (509) 4306-8481
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire