![]() |
PNH |
Wesly JOSEPH alyas Ti kanna ki gen 23 lane mouri nan echanj kout zam ak la polis nan komin Acul_du_Nord jodi lendi 12 jen 2022 a. Endividi sa ki te ame jis nan dan tap simen panik nan zòn nan epi ransone responsab yon santye betonaj ri. Alòs Dorsainvil Chanley 22 lane, Marc Olivier Pierre Louis 17 lane ak Ketia Leonard 32 lane arete nan menm dosye sa.
Pandan oprasyon an, la polis sezi yon pistolè kalib 9mm ki pote mak Smith & Wesson ak seri: A402968 ak zam sa Wesly Joseph ki pèdi souf li tap tire nan direksyon polisye yo ki te nan patrouy sa, selon sa PNH la ekri sou paj Facebook li.
La polis sezi tou padan menm oprasyon sa plizyè materyel tankou : yon chajè, twa katouch, twa drouy, yon projektil, twa telefòn potab ak twa mouchwa ki gen koulè jon, nwa epi ble.
Se jij de pè komin nan, Mèt Renaud Moncoeur ak grefye li kite fè konsta legal yo epi transfere kò deli yo nan meri komin.
PNH la fè konnen nan menm atik sa ki pibliye sou paj Facebook li,Wesly JOSEPH alias "Ti Kanna" tap chèche aktivman pa PNH pou enplikasyon li nan lanmò ak bal de Calixte Jean.
#pnhhaiti
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire