Kraze plizyè fwa ak kout roch, kout boutèy manifestan yo te rive travèse zòn mapou ak anpil difikilte. Travèse nan ri guimalarie pou pase nan ri des martyrs pou rive zòn kalvè, monte nan blok mankèt pou desann nan ri espanyòl la manifesyon an tal bout blòk gaya anba je la polis nasyonal la.
Nan tout pakou a lidè pitit Dessalines nan, Moïse Jn Charles tap denonse movèz gouvènans, lavi chè, ogamantasyon pri gaz la, aba enjerans entènasyonal, desann dola ak peso pi ba ke 100 goud, depa PM Ariel Henry nan tèt l'ETA ak plizyè lòt. Moïse Jn Charles bay popilasyon an garanti lap kraze sistèm peze souse a, li te profite mande yo pou akonpaye KTPS la.
Joseph Judelyn / scriptmediatv@gmail.com
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire