Wanament konfli tè

Joanis Elie


Wanament, nan lokalite sans dèyè vapò nan zòn lagon fagal gen yon gwo konfli teren, selon sa popilasyon rapòte nou, se ta va yon ansyen propriyetè ki vin reklame nan men yo yon teren yo te achte nan men yon lòt propriyetè ki te vann yo epi bay papye nòmalman. alòske tout teren an prèske fin konstwi se koulya yon lòt propriyete vin reklame tè a nan men yo kòmkwa yo te mal achte.


Yon dosye ke fanmiy kap reklame teren an angaje yon kabinè avoka ki itilize tout pouvwa ak mwayen yo genyen pou trete dosye a selon enfòmasyon ke moun kap viv nan espas la rakonte nou.


Selon sa plizyè nan sitwayen sa yo rakonte, Nan kad dosye sa plizyè arèstasyon deja fèt, sele deja poze sou plizyè kay, plizyè chantye kanpe, ata menm bòs mason kap travay nan espas la pran kòd. Si nou ta vle kwè pawòl kèk sitwayen nan zòn nan jiska prezan gen moun nan prizon nan kad konfli sa.


Pami kèk viktim ki tap bay yon ti detay fè konnen ke yo achte yo apante yo peye e yo gen papye ki fè yo dwa, malgré tout sa an prezans popilasyon an yo vin apante tè a yon lòt fwa e divize li an 2 pati, sa ki ta lakoz gwo panik nan mitan popilasyon an ki paka dòmi anpè.


se chak jou moun yo ap kouri kite kay, se kòmsi yo egzije tout moun ki sou teren an pou yo reachte espas yap viv la yon lòt fwa ankò. popilasyon an deklare ke yo pat fè dechoukay kidonk moun ki vann tè yo la, yap mande lajistis akonpanye yo pou bon jan limyè kapab fèt.



@Joanis_Elie / scriptmediatv@gmail.com

Fèt sen Valanten pa bò lakay nou isit an ayiti.

 

Sen Valanten se yon fèt ki fete chak 14 fevriye, daprè kèk istoryen .

Anpil istoryen rakonte se Valanten pran nesans nan zòn Wòm antik ,women yo ki te konn fete li soti 13 pou rive 16 fevriye se yon perifikasyon senbolize ak pataje ou fè sakrifis nan yon gwòt ak yon bouk kabrit pou senbolize fèt li.

Nan ane 494 yon pap ki rele elias penier entèdi tradiksyon avan yo e chwazi se Valanten kòm sen moun ki renmen yo e non sèlman dat 14 fevriye a pou rann li omaj .

Si 14 fevriye se yon jou ki konsakre pou moun ki renmen ,pou montre lanmou w.Gen seten lèzòt pou yo menm lanmou pa ta dwe gen ni jou ,ni dat pou fete li , pandan moman sa yo tansyon boutik ak makèt yo toujou wo .

Daprè anpil jèn fèt sen Valanten se moman yo fete lanmou, lanmou ou ka gen pou yon zanmi, yon frè, yon sè, yon patnè ki pral depan de jan ou ye avèk moun nan, gen lòt ki ale pi lwen pou di fèt sen Valanten se yon fèt komèsyal kote majorite moun itilize pou fè lajan, gen ki di se pa lè 14 fevriye pou yon moun ta dwe fete lanmou li dwe fete chak jou pou mete lajwa nan kè menaj, zanmi. Sa ki di'w se prèske menm jan ak fèt manman pandan chak jou timoun nan leve lap joure manman l depi rive nan mwa me la fleri stati l ak foto manman ki se pa yon respè menm jan ak sen Valanten an . Gen sa ki di'w anfen pou yo sa se yon pèdi tan paske pata dwe fete'l sèlman 14 fevriye . Gen yon ekip lòt ki di èske'l ta dwe yon obligasyon pou bay kado avèk yon moun, ou kapab itilize yon senp bizou pou'w swete zanmi ou menaj ou bòn fèt se jès la ki konte .




Se yon fèt kap fè chemen'l chak jou pi plis nan mond lan, ou ta dwe pataje lanmou chak jou ak menaj ou, zanmi w pou n chanje peyi nou nan lanmou ak pataj .

Bòn fèt senvalanten ak tout moun nan renmen ak respè!!!


Jn simon Manex / scriptmediatv@gmail.com 


Dans une opération menée à Croix-des-Bouquets la PNH annonce avoir stoppés et arrêtés plusieurs bandits de 400 marozo



Sur sa page Facebook, la police nationale d'Haïti a fait état d'une opération menée hier mardi 8 février 2021 pour débloquer la route nationale #8 au niveau de Michaud (commune de La Croix-des-Bouquets). Selon des informations fournies dans ce poste, plusieurs membres du gang 400 marozo ont été stoppés dans des échanges de tirs avec les agents de l’ordre. 

 Attraver cette publication la PNH a expliqué, un fusil d’assaut a été confisqué et le nommé Anis Evenson alias “Kabo ou Kabrit” a été appréhendé lors de cette intervention sur ce tronçon menant au point frontalier de Malpasse.

Ce dernier était chargé, par le gang, d’acheminer des correspondances aux commerçants, leaders religieux ou directeurs d’école évoluant dans des quartiers dont Duval, Raquette, Marassa. 

"Dans ces menaçantes lettres, ces malfrats exigeaient de ces responsables d’importantes sommes d’argent pour autoriser leur fonctionnement" a écrit la PNH

En fin l'institution policière dit: " les forces de l'ordre, sur instruction du commandant en chef a.i de la PNH, Frantz ELBE, n'entendent pas faire marche arrière dans le cadre des opérations enclenchées à Croix-des-Bouquets".

scriptmediatv@gmail.com

Sendika profesè nodès yo voye yon piga bay minis edikasyon nasyonal la, Nesmy Manigat

 


Après yo te fin patisipe nan enstalasyon, Mr Joseph Edgard Dumay kòm nouvo direktè depatmantal edikasyon nòdès, youn nan reprezantan sendika anseyan yo nan depatman an, profesè Eugène Kenaud te profite lanse yon Piga bay minis edikasyon an, Nesmy Manigat.《 nou sèmante 7 fwa 77 fwa nou pwal bloke depatman nodès la si nou rive 4 fevriye anseyan yo kap travay nan sal klas yo pa ta jwenn lèt nominsyon yo》deklarasyon Eugène Kenaud kòdonatè REPANE (Regroupement des Enseignants et des personnelles administratives du Nord-est) nan mikro jounalis yo.


Mèt Kenaud te profite bay yon ansanm kaladriye mobilizasyon kap kòmanse lendi 31 janvye rive vandredi 4 fevriye kap vini la.


Scriptmediatv@gmail.com

Yon nouvo direktè nan tèt direksyon depatmantal edikasyon nodès la

 



Mr Joseph Edgard dumay se nouvo direktè depatmantal edikasyon nan depatman nòdès la. Se Maurice Firmin reprezantan minis edikasyon an ki fè enstalasyon sa vendredi 28 janvye 2022 a nan vil fòlibète.


Nan diskou li, Mr Dumay di li pwal travay ak inivèsite Leta yo ak divès lòt lekòl siperye nan depatman an yon fason pou konbat Kesyon eksperyans nan CV epi garanti staj a finisan yo e lap ede yo entegre mache travay la. Yon lòt kote Mr Edgard Dumay di li pwal travay ak direksyon santral odit siperyè yon fason pou konbat eskrokri òganize nan lekòl ou byen inivèsite kap fè paran yo pi pòv nan fè yo peye byen chè san yo pa ofri ti moun yo yon edikasyon ak kalite.


Scriptmediatv@gmail.com

Wanament / blackout

 🌌imaj #Ouanaminthe nan moman sa a. Vil la pa gen kouran depi bon kèk jou. sitiyasyon sa lakoz ensekirite a pa sispann valè teren, selon sa dirèktè EDH ta fè konnen generatris ki alimante wanament ak ferye yo ki ta tonbe an pàn. Kesyon anpil moun ap poze se pou konbyen tan sitiyasyon sa ap dire? Yon kesyon ki poko gen repons.



https://twitter.com/ScriptMediaTV/status/1486890511885606912?t=uaSeWAUxLnLyr6fwFezjJw&s=19

Ayiti/ diplomasi: Depòtasyon migran ayisyen yo nan repiblik dominikèn ap kontinye




Depòtasyon migran yo nan repiblik dominikèn ap kontinye san kanpe, sou lòd gouvènman dominiken an ki gen nan tèt li, prezidan Luis  Abinader


Nan kad yon vizit Script média TV fè yè Lendi 17 janvye 2022 sou fwontyè a, konsta yo montre ke imigrasyon nan repiblik dominikèn pa sispann rapatriye ayisyen yo sou tout fòm sou tèritwa dominiken an. granmoun tankou ti moun, menm fanm ansent pa epanye nan kad rapatriman sa yo.


 Sou kouvèti anonima, nan yon ti kout paroli yon ajan kap travay nan biwo imigrasyon ayisyen ta fè kwè pou sèlman yè Lendi 17 janvye sa, yo resanse sou frontyè a anviwon  118 moun pami yo 2 timoun ki gen mwens ke 2 lane.


Daprè sa kèk nan migran yo ta fè konnen, imigrasyon dominikèn antre pran yo andedan lakay yo, enkasere yo pandan plis pase 3 jou nan prizon san  okenn swen. yo pa bay yo dlo pou yo benyen epi yo bay yo manje yon sèl fwa pa jou  avan yo depòte yo sou frontyè wanament ak dajabonn nan. Migran sa yo ki te vrèman endiye mande akonpayman responsab imigrasyon yo nan wanament yon fason pou yo kapab retounen lakay yo.


Nap fè remake, se pa premye fwa Sendomeng ap depòte migran ayisyen  nan kondisyon sa yo san okenn respè pou  lwa sou imigrasyon. Se depi plis pase yon  deseni rapatriman sa yo ap fèt sou tout  fòm nan repiblik vwazen an, menm etidyan ayisyen ki gen dokiman nan repiblik dominikèn viktim pa fwa de aksyon sa yo. Leta ayisyen bò kote pa li pa janm fè anyen pou regilarize sitiyasyon an.


 

Manex Jn Simon / Script média TV

Wanament / Edikasyon : Aprè yon group sitwayen ( direktè,profsè, paran ...) te fin chita epi diskiye ayè lendi 14 novann lan sou kijan ak ki fason lekol la te ka ouvri nan komin wanament

Liberté Infos nan yon nòt pou la près sitwayen yo deside yap fè ouvèti lekol demen mekredi 16 novanm nan wanament. Nan sa yo  mande la polis...