Ansyan setanè Moïse Jean-charles, nan yon konferans pou laprès jodi jedi a remèsye tout moun ki te vin patisipe nan manifetasyon otrou yè mekredi a



Lidè pati politik Pitit Desalin nan Moïse Jean-charles nan yon konferans pou laprès jodi jedi a remèsye tout popilasyon an ki te vin patisipe nan manifetasyon li tap oganize nan vil trou di nò ayè mèkredi 12 oktòb 2022 a. Yon manifestasyon ki soti otrou pase limonad pou te desann lavil kote lapolis ta pwal anpeche yo, Lidè pitit Desalin nan fè konnen sa se yonn nan siy ki montre ke yo rejte delegasyon Amerikèn nan ki te vini Ayiti yè pou te chita pale ak plizyè group moun nan diferan sektè nan lavi nasyonal la ke li trete kòm esklav atalan.


 Ansyen senatè nò a, kontinye poul di ke Ayiti pa yon eta nan peyi Etazini men se yon peyi lib e endepandan. li mande kominote entènasyonal la pou yo sispann foure bouch yo nan dosye Ayiti. yon lòt kote li mande yo pou yo kite Ayisyen yo rezoud kriz la, yon kriz kap boulvèse Peyi a depi yon bon bout tan. 


Moïse Jean Charles ki se yonn nan prensipal aktè nan gwo mobilizasyon ki lanse kont pouvwa Ariel Henry a depi plis pase yon mwa te tou profite mande mesye bank yo pou yo korije kaye yo. Li denonse lavi chè kap tayebanda nan peyi ak problèm rate gaz la. Li mande gouvènman Ariel Henry a lage pye li pou peyi kapab rale yon souf. Se pou sa li anonse yon soulèvman jeneral nan peyi pou 17 oktòb kap vini la.

Wanament / Edikasyon : Aprè yon group sitwayen ( direktè,profsè, paran ...) te fin chita epi diskiye ayè lendi 14 novann lan sou kijan ak ki fason lekol la te ka ouvri nan komin wanament

Liberté Infos nan yon nòt pou la près sitwayen yo deside yap fè ouvèti lekol demen mekredi 16 novanm nan wanament. Nan sa yo  mande la polis...